Knight New Work 2022: FAQs, Creole

Ki lè enskripsyon ap ouvè epi ki lè l ap fèmen? 

Soti lendi 18 jiyè rive lendi 29 out a 11:59 diswa nan lè zòn lès Etazini. 

Ki moun ki elijib? 

Atis endividyèl, atis an gwoup, òganizasyon atistik tout fòm atizay, yo tout elijib pou yo enskri. Chak moun dwe rete nan Sid Florid, oubyen yo dwe gen relasyon sere ak zòn nan.  

Èske òganizasyon m dwe baze nan Sid Florid? 

Wi, tout òganizasyon dwe baze nan Sid Florid pou yo enskri. Yo kapab mete ansanm avèk atis endividyèl ki pa rete nan zòn nan, depi moun sa yo kapab montre koneksyon yo gen rasin fon nan Sid Florid. Tout pyès yo dwe fè premye soti yo nan Sid Florid. 

Mwen se yon atis e m pa rete Miami-Dade. Èske m elijib pou m enskri? 

Non, okazyon sa a fèt sèlman pou atis ki baze nan Sid Florid. Nou ankouraje w tcheke sitwèb kf.org ankò pou lòt okazyon pi devan!  

Ki sa kritè yo ye pou moun ka enskri kòm òganizasyon? 

Yon òganizasyon atizay oubyen yon enstitisyon atizay ki baze nan Sid Florid kapab voye yon enskripsyon. Nouvo kreyasyon travay la kapab fèt nan nenpòt mòd atizay, men fò yo itilize teknoloji nan kreyasyon travay la oswa nan divilgasyon  travay la.  

Ki lè pèfòmans yo ap fèt? 

Moun ki genyen nan Konkou Nouvo Travay Knight 2022 a pral rasanble nan Prentan 2023 pou yo montre vèsyon preliminè travay yo oswa pou yo montre travay yo ki an devlopman. Yo dwe prezante travay yo anvan Prentan 2024.  

Ki sa ki pral rive apre mwen fin voye enskripsyon mwen? 

Apre w fin voye enskripsyon w, yon panèl nasyonal ki fòme ak atis, moun ki travay nan atizay ak anplwaye Knight, pral egzaminen l. Yo va anonse finalis yo an novanm 2022.  

Konbyen enskripsyon yon òganizasyon kapab voye? 

Chak sa ki enskri, kit se yon grenn moun, yon gwoup moun, oswa yon òganizasyon, se yon (1) sèl enskripsyon yo ka voye.  

Konbyen kòb mwen ka mande? 

Knight pral fè kado yon total 500 000 dola bay yon seleksyon gayan. Y ap bay sibvansyon yo dapre merit pwopozisyon an e dapre kapasite yo wè moun ki travay atizay la genyen pou li fini travay la jan li pwopoze l la nan delè yo ba li a. 

Èske lèt sipò obligatwa? 

Wi. Yon patnè prezantasyon oswa plizyè patnè prezantasyon ki baze nan Sid Florid dwe ba w yon lèt sipò pou premye pèfòmans nouvo travay la. 

Èske mwen kapab voye enskripsyon mwen ansanm ak yon pyès kole avè l? 

Wi. Nou mande moun k ap enskri yo voye echantiyon travay yo a, ansanm ak materyèl siplemantè pou ede yo dekri oswa montre egzanp konsèp nouvo travay yo a, aktivite atistik yo a. 

Ki kalite nouvo travay n ap chache? 

Travay yo kapab reprezante divès mòd atizay tankou, atizay pèfòmans, atizay vizyèl, ak fim plis enkòporasyon itilizasyon teknoloji. N ap chache pwojè ki pran avantaj mwayen teknoloji pou konekte moun youn ak lòt, konekte moun ak Sid Florid nan kad atizay. 

Kouman m kab gen avantaj nan enskripsyon mwen? 

Byenke pa gen okenn pawòl maji oswa engredyan sekrè pou rann enskripsyon ou konpetitif, nou ap chache travay ki plis ap chèche fè enpak. Travay ki pral genyen yo se travay ki pral re-imajine fason moun travay atizay gras a teknoloji epi yo pral pran avantaj mwayen teknoloji pou yo rakonte istwa pi byen, pou yo atenn piblik pi byen epi pou yo prezève atizay. 

Èske gen yon egzijans pòsyon lajan moun dwe bay pou sibvansyon sa a? 

Wi, pou òganizasyon ki gen bidjè ki depase 500 000 dola. 

Ki priyorite finansman Knight genyen? 

Pou w sa jwenn yon esplikasyon konplè sou estrateji Knight pou pwogram atizay, tanpri klike la a.  

Ki moun ki egzaminen travay m remèt la epi ki detèmine kiyès ki pou resevwa sibvansyon? 

Se anplwaye Knight ak yon panèl nasyonal espesyalis nan domèn nan ki pral egzaminen chak ide avèk èd atis ak lidè. Alafen, dènye desizyon an chita nan men Konsèy Administrasyon Knight la. 

Èske m ka toujou enskri si pwojè mwen an se yon ide sèlman li ye? 

Wi. Enskripsyon yo ka pou pwojè ki tou nèf nèt oswa pou pwojè ki an devlopman kounye a. Men, travay la pa dwe te fè premye aparisyon l deja. 

Ki lè yo va anonse atis ki genyen yo? 

N ap anonse atis ki resevwa prim yo an novanm 2022.  

Si yo pa asepte pwopozisyon mwen an, èske m ap konn pou ki sa? 

Akòz bann kantite enskripsyon nou resevwa, nou pa anmezi pou n di w pou ki rezon ou jwenn refi. Si nou pa chwazi w fwa sa a, nou ankouraje w re-enskri nan lòt konkou Nouvo Travay Knight pi devan oswa nan lòt inisyativ Atizay Knight. 

Ki moun pou m kontakte si m gen kesyon? 

Voye kesyon w nan imel sa a [email protected]

Èske mwen kapab enskri nan yon lòt lang ki pa angle? 

Wi, ou pa bezwen pè voye enfòmasyon w nan nenpòt lang ou chwazi. Men pa bliye enskripsyon ki vini nan lòt lang ki pa angle, n ap fè tradui yo ann angle nan kad egzaminasyon an.